Matie 19:9
Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.
Cross References
Genesis 20:3Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.
Jeremiah 3:1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 16:8Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.
Ezekiel 16:29W' al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou!
Mark 10:11Li di yo konsa: -Si yon nonm kite ak madanm li pou li al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li.
Romans 7:2M'ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l' devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a.