Matie 20:12
Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an.
13Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre?
Cross References
Jonah 4:8Lèfini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van lès soufle byen cho. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li sou tèt. Msye mande mouri, li di konsa: -Pito m' tou mouri m' fini ak sa!
Malachi 1:13Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m' ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa.
Luke 12:55Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre.
Luke 15:29Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fè fèt ak zanmi m' yo.
Romans 3:22Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.
Romans 3:30Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li.