Romans 3:30
Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 3:28Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l' gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.
Romans 10:12Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.
Galatians 3:8Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram bon nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
Galatians 3:28Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
Galatians 6:15Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.
Colossians 2:10Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.