Matie 21:37
Apre sa, li voye pwòp pitit gason l' bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou pitit mwen an.
Bib La
In The King James Version
But last of all he sent unto them his son, saying, They will reverence my son.
In Context
36Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an.
Cross References
Isaiah 5:4Kisa pou m' te fè pou jaden rezen an mwen pa t' fè? Mwen t'ap tann li ban m' bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?
Zephaniah 3:7Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m' te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.
Mark 12:6Sèl moun mèt jaden an te rete pou l' te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l' an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou gason m' lan.
John 1:18Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.
John 3:16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Hebrews 1:1Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.