Matie 24:15
Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)
Bib La
In The King James Version
In Context
16Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn.
Cross References
Ezekiel 40:4Nonm lan di m' konsa: -Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè.
Daniel 9:25Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray.
Daniel 10:12Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.
Daniel 12:11Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis (01290) jou ki gen pou pase.
Luke 19:43Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò.
John 11:48Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.