Matie 24:6
Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.
Cross References
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Isaiah 8:12Pa rele konplo sa pèp la rele konplo. Ou pa bezwen pè sa pèp la pè a. Wi, ou pa bezwen gen kè sote.
Isaiah 26:3Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Jeremiah 4:19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.
Jeremiah 8:15Nou t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t'ap tann li vin geri nou, men se pè l'ap fè nou pè.
Ezekiel 7:24M'ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.