Zechariah 14:5
N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l' la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l' yo avè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lè jou sa a va rive, p'ap gen limyè, p'ap fè fredi, dlo p'ap fè glas.
Cross References
Deuteronomy 33:2Li di: -Seyè a soti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife.
Psalms 97:4Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
Isaiah 29:6Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule.
Isaiah 66:15Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.
Daniel 7:21Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li.
Amos 1:1Men mesaj Amòs, yonn nan gadò mouton lavil Tekoa a, te bay. Se bagay Bondye te fè l' konnen sou pèp Izrayèl la, dezan anvan tranblemanntè a. Lè sa a, se Ozyas ki te wa nan peyi Jida, epi se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.