Matie 25:9
Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 55:1Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!
Jeremiah 15:1Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale.
Ezekiel 14:20epi si Noe, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat.
Revelation 3:17W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete!