Matie 27:25
Tout pèp la reponn: Se pou reskonsablite lanmò l' tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.
Bib La
In The King James Version
Then answered all the people, and said, His blood be on us, and on our children.
In Context
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Deuteronomy 19:10Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fè a.
Joshua 2:19Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.
2 Samuel 3:28Lè David vin pran nouvèl la, li di: -Seyè a wè ni mwen ni moun gouvènman yo, nou pa gen anyen pou nou wè nan lanmò Abnè, pitit Nè a.
2 Kings 24:3Sa te rive peyi Jida a paske Seyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l' poutèt peche wa Manase te fè yo,
Ezekiel 18:14Annou konsidere koulye a ka dezyèm moun sa a ki ta rive fè yon pitit gason. Pitit la wè tout peche papa l' te fè yo. Li wè yo, men li pa fè tankou l'.