Matie 27:29
Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
28Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li.
30Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt.
Cross References
Psalms 69:7(069:8) Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.
Isaiah 49:7Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
Jeremiah 20:7Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.
Matthew 26:49Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: Bonswa, Mèt. Epi l' bo Jezi.
Mark 15:18Epi yo pran salwe l' konsa: -Bonjou, wa jwif yo!
John 19:2Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.