Matie 27:40
Yo t'ap di: Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l' nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!
Bib La
In The King James Version
In Context
39Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.
41Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap di:
Cross References
Matthew 4:3Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.
Matthew 16:4Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.
Matthew 26:63Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?
Matthew 27:54Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
Luke 16:31Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.
Revelation 11:10Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè.