Matie 27:41
Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap di:
Bib La
In The King James Version
Likewise also the chief priests mocking him, with the scribes and elders, said,
In Context
Cross References
Psalms 22:12(022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
Isaiah 28:22Koulye a, piga nou pase pawòl mwen yo nan betiz pou yo pa mare nou nan kòd pi rèd toujou. Paske, Seyè ki gen tout pouvwa a fè m' konnen li fin pran desizyon l' pou l' detwi tout peyi a. Li p'ap chanje lide.
Zechariah 11:8Gadò yo ban m' degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pa t' vle wè m'.
Luke 18:32Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li.
Luke 23:35Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou.