Matthew 3:1
Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a.
Bib La
In The King James Version
In those days came John the Baptist, preaching in the wilderness of Judaea,
In Context
Cross References
Joshua 14:10Gade! Seyè a kenbe pwomès li, li pa kite m' gen tan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Seyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Koulye a mwen gen katrevensenkan.
Judges 1:16Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo.
Matthew 3:8Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
Matthew 11:11Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l'.
Matthew 16:14Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.
Matthew 21:25Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'.