Matie 4:25
Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 5:1Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l'.
Matthew 12:15Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.
Mark 3:7Jezi wete kò l' ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,
Mark 6:2Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
Luke 6:17Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te soti toupatou; te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanmè a. Yo te vin tande l', yo t'ap mande l' geri malad yo tou.