Matie 4:9
Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.
Bib La
In The King James Version
And saith unto him, All these things will I give thee, if thou wilt fall down and worship me.
In Context
Cross References
1 Samuel 2:7Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
Psalms 113:7Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.
Jeremiah 27:5-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.
Daniel 4:32Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan sètan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
Daniel 5:26Men sa sa vle di: Konte: Bondye konte konbe jou depi ou wa, li pral mete yon bout nan sa.
John 12:31Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.