The Bible Software
bible.software › Matie › Matie 5 › Matie 5:18

Matie 5:18

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.

Bib La

In The King James Version

For verily I say unto you, Till heaven and earth pass, one jot or one tittle shall in no wise pass from the law, till all be fulfilled.

In Context

17Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.

19Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Read all of Matie 5

Cross References

Psalms 102:26(0102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.

Psalms 119:152Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.

Isaiah 51:6Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.

Matthew 6:2Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l' nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.

Matthew 8:10Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.

Matthew 10:23Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Matie 5:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Matie 5:17Matie 5Matie 5:19 →