Matthew 5:24
Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 25:9Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l' deyò.
Matthew 23:23Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.
Romans 12:17Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.
1 Corinthians 11:28Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a.
James 3:13Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.
1 Peter 3:7Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou.