1 Peter 3:7
Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 2:23Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.
Proverbs 5:15Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.
Matthew 5:23Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:
Matthew 19:3Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?
1 Corinthians 7:3Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li.
Ephesians 3:6Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.