Matthew 6:18
Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave.
19Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.
Cross References
Matthew 6:6Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
2 Corinthians 5:9Men, anvan tout bagay, nou vle fè Seyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li.
Colossians 3:22Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.
1 Peter 2:13Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf.