Matthew 6:19
Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 31:24Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.
Psalms 62:10(062:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.
Proverbs 16:16Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
Ecclesiastes 2:26Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.
Zephaniah 1:18Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.
Luke 12:21Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye.