Matie 6:20
Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.
21Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Cross References
Matthew 19:21Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
Luke 18:22Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
1 Timothy 6:19Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
Hebrews 11:26Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.
1 Peter 1:4N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la.
Revelation 2:9Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan.