Matie 9:27
Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
26Nouvèl la gaye nan tout peyi a.
Cross References
Matthew 11:5Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.
Matthew 15:22Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil.
Matthew 20:30Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
Matthew 21:15Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la!
Mark 8:22Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li.
Mark 10:46Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time.