Matie 9:30
Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa.
Bib La
In The King James Version
And their eyes were opened; and Jesus straitly charged them, saying, See that no man know it.
In Context
29Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la.
31Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l' toupatou nan peyi a.
Cross References
Psalms 146:8Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
Isaiah 42:7W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
Matthew 8:4Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri.
Matthew 17:9Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: Pa pale ak pesonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan nan lanmò.
Luke 5:14Jezi pase l' lòd sevè sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.
John 9:7Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo.