Micah 1:14
Koulye a, nou menm moun peyi Jida, nou mèt di moun lavil Morechèt Gat yo orevwa, paske moun lavil Akzib yo bay manti, yo p'ap pote ankenn sekou bay wa Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:44Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo
2 Kings 16:8Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado.
2 Chronicles 16:1Wa Asa te gen trannsenkan depi li t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida.
Psalms 118:8Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.
Isaiah 30:6Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.