Micah 3:1
M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:13Se poutèt sa, nan chak branch fanmi nou yo, chwazi kèk nèg ki gen lespri, ki gen bon konprann, ki konn lavi, m'a mete yo chèf pou dirije nou.
2 Chronicles 19:5Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt.
Psalms 14:4Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!
Isaiah 1:10Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
Jeremiah 5:4Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè.
Jeremiah 13:15Nou menm pèp Izrayèl, Seyè a ap pale, louvri zòrèy nou pou nou tande! Pa fè gwo kòlèt!