Micah 6:4
Mwen fè nou soti kite peyi Lejip la. Mwen wete nou nan esklavaj nou te ye nan peyi sa a! Mwen voye Moyiz, Arawon ak Miryam pou kondi nou ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Seyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m' konsa? Reponn mwen non!
Cross References
Exodus 4:16L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di.
Exodus 12:51Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.
Exodus 15:20Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.
Numbers 12:1Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa.
Deuteronomy 4:34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
Deuteronomy 7:8Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an.