Micah 6:5
Ooo! Pèp mwen! Chonje sa Balak, wa peyi Moab la, te fè lide fè nou, ak ki jan Balaram, pitit Bèyò a, te reponn li! Chonje sa ki te rive nou nan vwayaj nou an, lè nou te fin kite Sitim, anvan nou te rive Gilgal! Chonje tout bagay sa yo pou nou ka konprann sa m' te fè pou delivre nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 22:41Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.
Numbers 23:27Balak di Balaram konsa: -Ann al non! Mwen pral mennen ou yon lòt kote. Ou pa janm konnen, antan ou la a, Bondye ka kite ou bay pèp la madichon pou mwen.
Numbers 25:2Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.
Numbers 31:16Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la.
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Deuteronomy 9:7Pa janm bliye jan ou te fè Seyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Seyè a.