Micah 7:10
Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Seyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye, y'a meprize yo tankou labou nan lari.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 7:9Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?
2 Kings 9:33Jeou di yo: —Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.
Psalms 35:26Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
Psalms 42:10(042:11) Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?
Psalms 79:10Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!
Psalms 109:29Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.