The Bible Software
bible.software › Micah › Micah 7 › Micah 7:11

Micah 7:11

Nou menm, moun lavil Jerizalèm, jou pou nou rebati miray lavil la prèt pou rive. Lè sa a, y'a agrandi peyi a.

Bib La

In The King James Version

In the day that thy walls are to be built, in that day shall the decree be far removed.

In Context

10Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Seyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye, y'a meprize yo tankou labou nan lari.

12Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen soti toupatou vin jwenn nou. Y'a soti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a soti Lejip nan sid, y'a soti lòt bò larivyè Lefrat, y'a soti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.

Read all of Micah 7

Cross References

Nehemiah 2:8Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.

Nehemiah 3:1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.

Nehemiah 4:6Se konsa, nou t'ap rebati ranpa a. Anvan lontan, ranpa a te gen tan rive nan mwatye wotè, paske pèp la te soti pou l' te fè travay la.

Isaiah 54:11Seyè a di ankò: -Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou, ki san pesonn pou konsole ou, mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou. Mwen pral rebati ou sou pyè safi.

Isaiah 61:4Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.

Amos 9:11Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Micah 7:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Micah 7:10Micah 7Micah 7:12 →