Micah 7:5
Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 14:17Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pa t' sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twòp. Lèfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di.
Job 6:14Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.
Psalms 118:8Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.
Jeremiah 9:4Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.