Micah 7:4
Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l' te voye yo avèti l' la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l' di ni sa pou l' fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!
Cross References
Isaiah 10:3Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?
Isaiah 55:13Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Seyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pesonn p'ap ka detwi.
Jeremiah 10:15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
Ezekiel 12:23Koulye a, di yo men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye ba yo: Mwen pral fè yo sispann repete pawòl sa a. Yo p'ap janm tande l' ankò nan bouch moun pèp Izrayèl yo. Di yo: Men jou a rive. Men sa yo te di ki pou rive a pral rive vre!
Amos 8:2Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: -Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l' yo. Mwen p'ap chanje lide pou m' fè pa l' ankò.
Luke 21:25Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo.