Nahum 1:7
Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
Bib La
In The King James Version
The LORD is good, a strong hold in the day of trouble; and he knoweth them that trust in him.
In Context
Cross References
1 Chronicles 5:20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.
2 Chronicles 13:18Se konsa moun peyi Izrayèl yo soti wont nan batay la, men moun peyi Jida yo soti pi fò, paske se sou Seyè a, Bondye zansèt yo a, yo te apiye.
2 Chronicles 32:8Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Psalms 1:6Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.
Psalms 18:1(018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.