Nahum 1:9
Kisa n'ap konplote konsa sou do Seyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l' yon lòt fwa ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.
Cross References
1 Samuel 26:8Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.
Psalms 2:1Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
Psalms 33:10Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!
Nahum 1:11Yon nonm soti lavil Niniv. Li gen yon bann move lide nan tèt li, l'ap fè konplo sou do Seyè a.
2 Corinthians 10:5m'ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tèt lèzòm yo, m'ap fè yo vin obeyi Kris la.