Isaiah 8:9
Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:11Wa Akab voye reponn li: -Yon sòlda pa fèt pou l' ap vante tèt li anvan l' al goumen.
Proverbs 11:21Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.
Isaiah 14:5Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an!
Isaiah 28:13Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.
Isaiah 54:15Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.
Jeremiah 46:4Sele chwal yo. Kavalye, moute sou yo. Mete nou an ran, kas nou nan tèt nou. File pwent frenn nou yo. Mete rad an fè pou fè lagè nou sou nou.