Nahum 2:5
Yo chonje rele chèf lame yo. Nan prese vini yo, yonn ap frape ak lòt. Yo kouri ale bò miray ranpa yo. Yo pare plak pwotèj pou y' al defonse pòtay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Pòtay ki bay sou larivyè a louvri granbatan. Tout moun nan palè a gen kè kase.
Cross References
Isaiah 21:5Nan vizyon an, mwen wè yon tab byen ranje, yo louvri tapi atè pou envite yo chita. Y'ap manje, y'ap bwè. Yon moman, yo bay yon lòd: Kanpe, chèf lame yo! Pare zam nou pou defann nou!
Jeremiah 50:29Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Nahum 3:3Kavalye yo ap zeponnen chwal yo. Nepe yo klere kou fèman nan solèy. Lans yo, ou ta di zèklè. Moun tonbe kou mouch. Kadav yo fè pil sou pil. Ou pa ka konte yo. Moun ap bite sou moun mouri.
Habakkuk 1:8Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo soti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.