Nehemiah 1:2
Anani, yonn nan frè m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:14Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (010.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
Ezra 9:8Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.
Nehemiah 7:2Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.
Psalms 137:5Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
Ezekiel 6:9Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.
Ezekiel 24:26Jou sa a, yon moun va chape kò l', l'a kouri vin pote nouvèl la ba ou.