Nehemiah 12:45
Paske, yo t'ap fè sèvis Bondye yo san mank. Yo t'ap fè sèvis pou mete tout moun ak tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo tou, tout moun t'ap fè travay yo dapre regleman wa David ak pitit li, wa Salomon, te bay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 25:1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
1 Chronicles 26:26Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.