Nehemiah 13:15
Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:8Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
Exodus 31:16Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan.
Exodus 35:2N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Deuteronomy 5:12Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la.
2 Chronicles 24:19Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.
Nehemiah 10:31Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo.