Nehemiah 13:8
Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari.
Bib La
In The King James Version
And it grieved me sore: therefore I cast forth all the household stuff of Tobiah out of the chamber.
In Context
Cross References
Ezra 10:1Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.
Psalms 69:9(069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
John 2:13Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm.