Nehemiah 2:5
Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m'ap sèvi ou la, tanpri, kite m' ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m' ka rebati l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'.
Cross References
2 Samuel 14:22Joab tonbe ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. Li di: -Se pou Bondye beni ou, monwa! Jòdi a mwen konnen ou kontan avè m' vre, paske ou ban mwen sa m' mande ou la.
Esther 1:19Si wa a dakò, se pou l' fè yon deklarasyon pou l' fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gen dwa parèt devan l' ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l' mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l'.
Esther 7:3Estè reponn li: -Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban mwen sa m' vle a, tanpri, sove lavi m' ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande ou.
Proverbs 3:4Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen.