The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 2 › Nehemiah 2:6

Nehemiah 2:6

Wa a te chita avèk larenn li bò kote l', li mande m': -Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w'a tounen? Mwen di l' konbe tan sa ka pran m'. Epi li dakò pou l' kite m' ale.

Bib La

In The King James Version

And the king said unto me, (the queen also sitting by him,) For how long shall thy journey be? and when wilt thou return? So it pleased the king to send me; and I set him a time.

In Context

5Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m'ap sèvi ou la, tanpri, kite m' ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m' ka rebati l'.

7Lè sa a, mwen di wa a: -Si sa fè monwa plezi, li ta fè ekri kèk lèt pou mwen pou gouvènè ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat yo, pou yo ka kite m' pase jouk mwen rive nan peyi Jida.

Read all of Nehemiah 2

Cross References

Nehemiah 1:11Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.

Nehemiah 5:14Pandan tout douzan mwen pase gouvènè nan peyi Jida a, depi jou wa Atagzèsès te nonmen m' nan pòs sa a, lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te wa, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen ni ankenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a.

Isaiah 58:12N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.

Isaiah 65:24Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gen tan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gen tan ba yo sa yo mande a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 2:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 2:5Nehemiah 2Nehemiah 2:7 →