Ezra 5:5
Men Bondye t'ap veye chèf fanmi jwif yo pou anyen pa t' rive yo. Se konsa, chèf gouvènman yo pa t' rete travay la. Men, yo voye yon rapò bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafè sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Apre sa, yo mande yo ankò: -Eske nou ka ban nou non tout moun k'ap travay sou chantye sa a?
Cross References
Ezra 6:6Lè sa a, wa Dariyis voye repons sa a: -Pou Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt kòlèg yo ki otorite nan Afasak la. Pa pwoche bò tanp lan.
Ezra 7:28Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!
Psalms 32:8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Psalms 34:15(034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.
Psalms 129:2Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.
1 Peter 3:12Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.