Nehemiah 6:7
Ou menm rive ranje ak kèk pwofèt pou yo mache fè konnen nan tout lavil Jerizalèm se ou menm ki wa peyi Jida a. Koulye a, tout bri sa yo pral rive nan zòrèy wa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou vin kote m' pou nou fè yon ti pale ansanm sou koze a.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Mwen voye reponn li: -Tou sa ou di la a se manti. Se ou menm menm ki fè koze a.
Cross References
1 Kings 1:7Adonija pale avèk Joab, pitit gason Sewouya a, ansanm ak Abyata, prèt la. De mesye sa yo dakò pou mete tèt ansanm avè l'.
1 Kings 1:25Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija!
Nehemiah 6:12Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa.
Acts 23:15Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit.