Nehemiah 8:7
Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:10Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lòtèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou.
2 Chronicles 17:7Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya.
2 Chronicles 30:22Ezekyas t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Seyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Seyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi.
Ezra 10:22Nan branch fanmi Pachou an, te gen Elyeyoenayi, Maseja, Jichmayèl, Netaneyèl, Jozabad ak Eleaza.
Nehemiah 3:17Men moun Levi ki te ede rebati miray ranpa yo: Reyoum, pitit gason Bani a, te rebati pòsyon ki vin apre pa Neemi an. Achabya, chèf mwatye lavil Keyla a, rebati pòsyon ki vin apre a pou tout moun ki sou bò pa l' nan lavil la.
Nehemiah 3:23Benjamen ak Achoub te repare pòsyon miray ki devan lakay yo a, pòsyon ki vin apre a. Azarya, pitit gason Maseya a, pitit pitit gason Ananya a, te rebati pòsyon miray ki vin apre a, devan lakay li a.