The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 17 › 2 Chronicles 17:7

2 Chronicles 17:7

Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya.

Bib La

In The King James Version

Also in the third year of his reign he sent to his princes, even to Ben-hail, and to Obadiah, and to Zechariah, and to Nethaneel, and to Michaiah, to teach in the cities of Judah.

In Context

6Li te pran plezi l' nan fè volonte Seyè a. Li fè disparèt tout kote yo t'ap sèvi zidòl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo.

8Yo te gen nèf moun Levi ak de prèt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayèl, Chemiramòt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prèt yo te rele: Elichama ak Joram.

Read all of 2 Chronicles 17

Cross References

Deuteronomy 4:5Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.

2 Chronicles 15:3Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.

2 Chronicles 35:3Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.

Nehemiah 8:7Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja.

Nehemiah 9:3Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Seyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Seyè a, Bondye a.

Psalms 51:13(051:15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 17:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 17:62 Chronicles 172 Chronicles 17:8 →