Numbers 10:10
Konsa tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:29Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l', sou plastwon an, konsa Seyè a p'ap janm bliye yo.
Leviticus 23:24-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.
Numbers 10:9Lè nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Seyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo.
Joshua 4:7n'a reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.
1 Samuel 20:5David reponn li: -Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè.
1 Chronicles 15:28Se konsa, tout pèp Izrayèl la ale ansanm ak Bwat Kontra Seyè a, yo pote l' lavil Jerizalèm. Yo t'ap rele, yo t'ap fè fèt. Yo t'ap jwe klewon, twonpèt, senbal, gita ak bandjo sou tout wout la.