Numbers 11:20
Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l' jouk l'a soti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l', paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pa t' dwe janm soti kite peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:3Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyè a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou.
Exodus 16:13Nan aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a.
Numbers 14:3Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?
Numbers 16:13Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!
Numbers 21:5Pèp la pale Bondye ansanm ak Moyiz mal, yo leve dèyè yo, yo di konsa: -Poukisa nou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a ki pa ka fè anyen pou nou ankò.
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.