Numbers 12:10
Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l' ale.
11Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t' la!
Cross References
Exodus 33:7Moyiz pran tant lan, li mete l' yon ti distans an deyò limit kan kote yo te enstale a. Li rele l' Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a.
Leviticus 13:10Prèt la va egzaminen l'. Si li wè yon bouton blan sou po a ki fè pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,
Deuteronomy 24:9Pa janm bliye sa Seyè a, Bondye nou an, te fè Miryam, lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la.
2 Kings 15:5Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.
Ezekiel 10:4Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.
Hosea 9:12Menm si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m' vire do ba yo, malè ap rive yo.