Numbers 13:17
Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:9Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la.
Genesis 14:10Nan Fon Sidim lan te gen anpil twou byen fon ki te plen asfat. Pandan batay la, wa Sodòm ak wa Gomò yo pran kouri pou lènmi yo, yo te vle wete kò yo nan batay la, yo tonbe nan twou asfat yo. Lòt wa yo menm kouri al kache nan mòn.
Numbers 13:29Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
Deuteronomy 1:44Lè sa a, moun peyi Amori yo ki te rete nan mòn yo soti vin kontre ak nou. Tankou yon desen myèl, yo kouri dèyè nou, yo bat nou byen bat nan tout peyi Seyi a rive jouk Oma.
Joshua 10:40Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a.
Judges 1:9Apre sa, y' al goumen ak moun Kanaran ki t'ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la.