The Bible Software
bible.software › Numbers › Numbers 16 › Numbers 16:14

Numbers 16:14

Ou mèt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n' plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t'ap ban nou an. Atò, ou kwè ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p'ap vini.

Bib La

In The King James Version

Moreover thou hast not brought us into a land that floweth with milk and honey, or given us inheritance of fields and vineyards: wilt thou put out the eyes of these men? we will not come up.

In Context

13Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!

15Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen.

Read all of Numbers 16

Cross References

Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Exodus 22:5Si yon moun kite bèt li manje nan jaden yon lòt, osinon nan jaden rezen li, si yon moun kite bèt li lage pou yo fè kont dega nan jaden yon lòt moun, li gen pou l' dedonmaje lòt moun lan. L'a ba li pi bon bagay li gen nan jaden pa l' la osinon nan jaden rezen l' yo.

Leviticus 20:24Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.

Numbers 20:5Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la pou mennen nou nan move kote sa a? Se yon kote ou pa jwenn grenn pou simen, ou pa jwenn okenn pye fig frans, ni pye rezen, ni pye grenad. Pa menm gen dlo pou moun bwè!

Judges 16:21Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Numbers 16:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Numbers 16:13Numbers 16Numbers 16:15 →